top of page

Vayb anonse yon gwo konsè nan Zenith de Paris


Poster Vayb @ Zenith 2023

Maten an mwen leve ak nouvèl VAYB (Mickael Guirand) ki anonse premye gwo konsè djaz la nan Zenith de Paris 10 jen 2023. Yon nouvèl ki fè anpil moun kontan espesyalman mwen menm ki toujou rete kwè ke mizik lakay nou dwe sonnen nan gwo sal sa yo pi souvan. Dènye fwa yon djaz ayisyen te afiche pou kont li nan Zenith sete 12 avril 2014 e gwoup sa a sete CARIMI. Depi jou sa a gen Arly Larivière ak Nu-Look ki anile konsè yo te anonse nan Zenith la pandan 2 fwa (27 Me 2017 ak 1e desanm 2018). Apre sa ou pa santi te gen yon volonte nan HMI (Haitian Music Industry) la pou gwoup ak atis nou yo fè gwo konsè pou eseye touche lòt mache, jwe nan gwo sal nan lòt peyi e pwopoze yon bagay ki diferan ke jwe bal chak "week-end" pa pèmèt.


Anons VYAB la vini 2 mwa apre konsè CARIMI nan Accor Arena. Se yon anons ki te sipoze fèt nan fen konsè a pou Mickael ak ekip li te pwofite de momenmtòm nan. Malerezman nou tout konn sa ki te pase nan konsè a (RIP Mikaben). E pa respè pou Mika e pou gwo chok emosyonèl nou tout te pran li pa tap fè sans pou anonse anyen. Pandan tan sa a 2e albòm Vayb la sanse pare e anons sa a montre ki direksyon yo vle pran nan biznis la. E mwen plis ke eksite pou wè kòman sa pral dewoule.


Kòman mwen imajine konsè a?

Zenith de Paris

Piblik afro antiyè a se piblik Mickael Guirand. Li konn koman pou pale avèk yo, anime yo, angaje yo, fè yo sote ponpe jan li vle e li ap fè sa lontan depi apre gwo siksè entènasyonal Carimi. Piblik sa a deplase pou anbyans ak bon mizik e Vyab ka delivre sa fasilman. Ajoute sou li Djaz la pral gen yon pi gwo et pi bèl repetwa ak 2e albòm nan ki pral soti plis atis envite yo. Pa gen dout se pral petèt youn si se pa pi gwo konsè mizik ayisyen ki pral fèt pou ane 2023. M prevwa ap gen o mwen 5,000 moun ki deplase e si 2e albòm nan fè siksè rapid li ap "sold out" depi mwa me. Konsè sa a ta dwe enspire lòt gwoup m pa bezwen site pou planifye Zenith pa yo tou nan ane ki ap vini yo. M ap di konpliman et swete BON SIKSÈ a VAYB, Cheyenne Productions, ACP ak tout moun ki enplike nan pwojè sa a. Randevou 10 jen 2023.






263 views0 comments

Recent Posts

See All
bottom of page