top of page

ZAFEM x Carel: Yon Entèvyou Zanmitay


Dènye chita pale m fè ak Dener Ceide ak Reginald Cange a se te yon moman selebrasyon, yon selebrasyon mizik Zafem pou pale de pakou yo ak siksè yo. Sete yon gwo moman pou mwen pèsonèlman paske plis pase 14,000 moun te ap gade nou an dirèk atravè Facebook, YouTube, ak Twitter pou apresye konvèsasyon eksklizif sa a. Sepandan, se pa tout moun ki sanble yo te apresye entèvyou a pou diferan rezon. Apre anpil pale anpil sou rezo yo mwen twouve li nesesè pou adrese kèk nan kritik m li e tande.


Majorite Kritik yo chita sou karaktè "zanmitay" entèvyou a. Pou sa, mwen Carel, M plede koupab e se pa pou entèvyou sa a selman. Mwen toujou konsidere se yon privilèj pou m gen opòtinite pou angaje nan konvèsasyon ak nenpòt envite men genyen nan yon fason ki pèmèt yo ouvè pou pataje istwa yo, enspirasyon yo, defi yo ak akonplisman yo nan yon anviwònman ki konfòtab e akeyan. Se pou sa m kreye Chokarella dayè. "Vayb amikal" ak "griyen dan m" yo se pa yon defo, men se yon chwa konsyan mwen fè. Li se yon apwòch mwen genyen depi lè mwen kòmanse nan medya paske m kwè li pèmèt mwen fè wè atis yo yon lòt jan yon fason ki chaje imanite paske yon atis pou mwen se yon moun ekstraòdinè e se yon onè pou mwen kite vwa yo, pèspektiv yo, ak otantisite yo briye sou platfòm mwen.

Moun ki twouve entèvyou mwen yo "twò amikal" petèt manke konnen m ou byen menm manke konn ki sa yon entèvyou ye an reyalite. Yon entèvyou se pa yon entèwogasyon. Envite a pa nan tribinal. Moun kap dirije Entevyou a pa la pou jere ajanda pèsonèl li non plis. Yon entèvyou se yon opòtinite pou dyalòg, pou konpreyansyon, pou senpati. Se yon chans pou nou menm, oditè ak telespektatè yo, konekte ak atis yo nan yon nivo pèsonèl, apresye pakou yo, epi selebre reyalizasyon yo.

Mwen kwè nan pouvwa yon konvèsasyon amikal. Nan yon anviwonman konsa, atis yo souvan santi yo pi alèz pou pataje istwa yo, pou eksprime panse yo ak santiman yo, epi revele tout bon pwofondè pwosesis kreyatif yo. Apwòch sa a pèmèt nou wè pi lwen pase pèsonaj sèn nan, popilarite a ak tout siksè yo, epi vrèman apresye moun ki dèyè atis la. Se nan moman sa yo san ou pa menm atann ou souvan dekouvri lide ki pi pwofon, istwa ki pi enspiran, ak ekspresyon ki pi otantik lakay atis la


Nan 26 lane mwen genyen nan medya e gras a Dye mwen gen anpil siksè ak rekonesans pou sa m ap fè, mwen gen chans fè entèvyou ak anpil anpil atis. Chak moun gen yon istwa inik, yon pakou inik, yon vwa inik. Epi chak moun merite pou yo tande, pou yo konprann, epi pou yo selebre. Sa a se misyon mwen, pasyon mwen, ak angajman mwen kòm youn nan pèsonalite nan medya ki gen plis enfliyans nan kominote a


Pou moun k ap kritike m yo, mwen respekte dwa w genyen pou w gen opinyon w e mwen konprann ke nou ka gen opinyon diferan sou sa yon entèvyou ta dwe ye. Mwen ap ankouraje tout moun ki gen kritik pou yo pataje yo nan yon fason ki konstriktif. Mwen Carel Pedre, M toujou ap aprann, epi mwen toujou ap amelyore sa map fè pou mwen ka pi bon chak jou pi plis. Sepandan, mwen kanpe sou apwòch mwen epi mwen pral kontinye fè entèvyou ki ankouraje dyalòg, ankouraje konpreyansyon, ak selebre talan ekstraòdinè atis mwen gen privilèj pou m pale avèk yo.

Dener Ceide, Reginald Cange, ak tout fanmi ZAFEM, mèsi dèske nou pataje moman sa avèk mwen. Mèsi pou albòm nan. Mèsi pou sa nou reprezante pou mizik ak kilti lakay nou.


Ak plis pase 14,000 moun ki te rejwenn nou nan live la, ak tout moun ki kontinye gade oswa koute entèvyou a, mèsi paske paske ou fè pati de moman ekstraòdinè sa a. Sipò ou ak lanmou nou pou mwen ak ZAFEM ak mizik yo se sa ki fè konvèsasyon sa yo gen sans ak enpak.


Ann kontinye selebre mizik lakay, atis nou yo ak pouvwa konvèsasyon amikal e otantik.


Carel Pedre

2,029 views0 comments

Recent Posts

See All
bottom of page