Soti 6 rive 15 Dawout 2024, mwen te fè yon vwayaj ki te louvri je m anpil. Vwayaj sa a te mennen m soti San Diego, Etazini, pou rive Tijuana, Tapachula, ak Mexico City nan Meksik. Sa pa t yon senp vwayaj touristik; se te yon vwayaj pou m te chèche konprann ak dekouvri reyalite ak defi migran ayisyen k ap eseye chape anba difikilte lavi nan peyi yo pou jwenn yon pi bon avni. Nan chak vil, mwen te rankontre ak anpil ayisyen k ap lite, e ki kenbe lespwa ak kouraj, malgre tout defi yo ap fè fas.
Poukisa sa mwen fè vwayaj sa a?
Depi 2016, mwen te gen yon vizyon: fè yon vwayaj pou dokimante sitiyasyon migran ayisyen yo. Se apre yon entèvyou avèk Haitian Bridge Alliance pandan yon gwo vag migrasyon sou fwontyè Etazini ak Meksik ke lide sa a te kòmanse boujonnen nan tèt mwen. Mwen te konstate yon bezwen ijan pou rakonte istwa sa yo ki souvan pase nan silans. Men, malgre motivasyon mwen, te toujou gen obstak—mank mwayen, tan, ak resous, e espesyalman paske mwen te toujou vle travay avèk pwòp ekip kameraman mwen pou asire ke vizyon m te fèt jan mwen te vle l.
Malgre tout baryè sa yo, ane sa a, bagay yo te diferan. Mwen te jwenn sipò Haiti Response Coalition epi finalman, mwen te ka fè sa mwen te vle fè pandan tout tan sa a: vwayaje nan San Diego, Tijuana, Tapachula, ak Mexico City, kote mwen te ka rankontre migran ayisyen yo, tande istwa yo, epi pataje esperyans yo avèk odyans mwen an.
San Diego: Kote Vwayaj la te Komanse
Vwayaj la te kòmanse nan San Diego, Kalifòni, yon vil estratejik pou migran k ap eseye antre Ozetazini. Mwen te gen chans konekte ak Haitian Bridge Alliance, yon òganizasyon ki jwe yon wòl enpòtan pou migran ayisyen yo. Yo resevwa m ak tout kè nan biwo yo, kote yo montre m kijan yo ap travay san pran souf chak jou pou ede tout moun ki bezwen konsèy ak asistans nan domèn imigrasyon. Yo bay sipò legal, sèvis tradiksyon, asistans transpò, ak abri. Chak jou nan ayewopò San Diego yo ede migran yo ak nesesite debaz tankou manje, dlo, rad ak pwodwi ijyèn. Devouman ekip la te enspiran.
Mwen te asiste yon klinik espesyal pou ede migran ayisyen yo aplike oswa renouvle TPS (Temporary Protected Status). Mwen te gen chans pale ak Josianne Valcin, yon migran ayisyen ki gen estati TPS depi 2010. Li te pataje istwa pèsonèl li, soti nan moman li te kite Ayiti jiska kijan li te reyisi etabli tèt li nan San Diego. Li te soulve tou kontribisyon ekstraòdinè Haitian Bridge Alliance nan bay sipò migran ayisyen yo, montre kijan li menm ak òganizasyon an ap travay ak devouman pou amelyore lavi tout moun ki nan sitiyasyon difisil sa a.
Youn nan moman ki te pi touche m se te yon entèvyou ak yon jèn fanm ayisyen nan ayewopò San Diego. Li t ap tann avyon li pou l al reyini ak manm fanmi li li pa t wè depi plizyè lane. Pandan l t ap rakonte m istwa li, mwen te ka santi pwa vwayaj li nan chak mo li te di. Istwa li te plen doulè, pèseverans ak lespwa. Mwen pa p janm bliye etensèl espwa mwen te wè nan je l lè li t ap pale de lavni li.
Tijuana: Fwontyè Etazini/Meksik
Soti San Diego, mwen te travèse fwontyè a pou Tijuana, Meksik, kote mwen te vizite Villa Haitiana. Kan sa a te yon refij pou plis pase 14,0000 migran ayisyen pandan gwo vag migrasyon 2021 an. Vivianne Petit Frère, yon manm Haitian Bridge Alliance, te ban m yon vizit gide nan espas la. Mwen te rankontre anpil migran k ap fè fas ak ensètitid pandan y ap tann pwosesis legal yo. Kounye a, Villa Haitiana se yon kan tanporè pou kèk migran Ayisyen ki pa gen kote pou yo rete epi k ap tann CBP One.
Mwen te vizite tou yon kay ke Delia Herrera, yon relijyez, ap jere kòm refij pou migran Ayisyen yo. Delia te pataje kijan li te santi l oblije ede lè l te wè kantite migran ki te bezwen èd. Kay li te vin tounen yon sous espwa pou anpil moun.
Youn nan moman ki te pi enteresan nan Tijuana, se lè mwen te asiste yon sesyon "Konnen Dwa w" ke Haitian Bridge Alliance te òganize. Nan yon plas piblik, migran yo te rasanble pou aprann sou opsyon legal yo ak kijan pou yo pwoteje tèt yo. Sesyon sa a te yon rapèl sou enpòtans enfòmasyon ak konesans nan koze imigrasyon. Mwen te enpresyone pa volonte migran yo pou yo aprann ak prepare tèt yo pou defi k ap vini yo.
Tapachula: Espwa nan Sid Meksik
Apre Tijuana, mwen te vwayaje ale Tapachula, yon vil ki vin tounen yon gwo baz pou migran nan sid Meksik. Lòt bò, mwen te dekouvri yon kominote migran Ayisyen ki pa t sèlman ap siviv, men ki te ap bouje byen malgre tout defi yo. Anpil ladan yo te chwazi rete viv Tapachula epi kòmanse pwòp biznis yo, tankou restoran, lavant kat SIM, rad, pwodwi alimantè, sèvis transfè lajan, ak lòt sèvis.... Sa montre rezistans ak kapasite adaptasyon nou kòm Ayisyen. Tapachula se pa sèlman yon kote tranzit; se yon kote kote Ayisyen yo ap reyalize rèv yo ak rebati lavi yo.
Mwen te rankontre tou yon avoka Ayisyen ki ap viv nan Tapachula depi yon ti tan, ki ap ede konpatriyòt li yo navige sistèm legal la. Angajman li te enspire m anpil, e se yon temwayaj sou solidarite nan kominote nou an, menm nan peyi etranje.
Mexico City: Bagay yo pa fasil
Dènye etap vwayaj la te mennen m nan kè kapital la, Mexico City, kote lavi migran ayisyen yo te sanble pi difisil. Nan Plaza de la Soledad ak nan zòn Vallejo, mwen temwen yon reyalite trè konplike kote anpil migran Ayisyen ap lite chak jou. Mwen rankontre fanmi k ap viv anba tant, lavi yo redwi nan kondisyon ki pa menm pèmèt yo jwenn bagay ki pi fondamantal yo.
Kondisyon lavi migran ayisyen mwen Mexico City frape m fò e rann mwen tris. Konpatriyòt mwen te rankontre yo te pataje ak mwen istwa ki chaje ak difikilte ak dezespwa, men menm nan mitan difikilte sa yo, yon limyè lespwa toujou klere. Yon jenn gason te montre m tant li, yon ti espas tou piti. Mwen pale ak yon dam ki ap viv ak yon pitit fi li ki fenk akouche. Yon lòt jenn gason ki ap pataje yon tan ak madanm li ak de pitit li yo. Pandan li t ap pale, li te eseye kache dlo nan je li, pandan l t ap dekri defi chak jou yo ap fè fas—mank manje, sekirite, ak diyite moun. Yo tout ap tann depi plis pase 8-10 mwa.
Yon lòt kote ki te atire atansyon m nan Mexico City se Tláhuac, yon zòn kote anpil Ayisyen ap vann machandiz sou twotwa yo. Moun yo ap batay pou yo jwenn lavi yo chak jou, pandan y ap eseye jwenn mwayen pou yo siviv epi ede fanmi yo. Malgre difikilte ekonomik ak ensètitid legal, gen yon sans de detèminasyon nan kominote sa a. Li te enspire m anpil pou m wè kijan, menm nan sitiyasyon difisil sa yo, Ayisyen yo toujou ap travay di pou siviv ak konstwi yon avni miyò.
An Konklizyon
Vwayaj sa a te louvri je m sou rezistans ekstraòdinè ki egziste nan kè kominote Ayisyen yo, kèlkeswa kote yo ye. Li te fè m pi byen konprann kantite sakrifis konpatriyòt nou yo ap fè nan chèche yon lavi miyò. Malgre tout kouraj ak detèminasyon yo, yon gwo pati nan sa k ap pouse do Ayisyen kite peyi a se sitiyasyon ekonomik, politik, ak ensekirite ki pa janm sispann deteryore.
Enstabilite politik, chomaj, mank opòtinite travay, ak entimidasyon gang k ap simen laterè nan plizyè katye fè lavi sou bout tè Dessalines nan vin tounen yon lanfè, yon batay san fen pou tout piti tè a. Frè ak sè nou yo ap chèche yon lavi pi bon, lwen pèsekisyon, povrete, ak vyolans. Nan chak vil mwen te vizite, mwen te wè fòs, lespwa, ak kouraj, men mwen te wè tou yon bezwen ijan pou sipò.
Migrasyon Ayisyen an se pa yon istwa fasil, men li ranpli ak pèseverans. Se nan chèche sekirite ak yon avni miyò ke anpil moun ap fè vwayaj sa a - yon vwayaj ki riske e kote anpil ladan yo pèdi lavi yo trajikman. Jan yo di, "Chèche lavi, Detwi Lavi."
Konprann rezon sa yo enpòtan anpil pou nou ka adrese pwoblèm migrasyon an nan rasin li. Li klè ke gen anpil travay ki rete pou fèt pou amelyore kondisyon migran ayisyen yo, men tou pou amelyore sitiyasyon an Ayiti menm. Nou bezwen plis aksyon nan nivo politik, plis sipò pou òganizasyon k ap ede migran yo, ak yon pi bon konpreyansyon nou menm piblik la sou reyalite migrasyon an.
Nou gen yon responsabilite, kòm moun ki gen yon vwa, pou nou kontinye leve konsyans sou reyalite migran yo epi ede yo jwenn asistans yo bezwen. Pandan n ap reflechi sou sitiyasyon sa a, li enpòtan pou nou pa sèlman gade sa migran yo ap fè fas nan peyi etranje, men tou pou nou konprann rasin pwoblèm nan Ayiti.
Solisyon an pa senp, men ansanm, nou ka fè yon diferans:
Fè don pou òganizasyon k ap ede migran yo, tankou Haitian Bridge Alliance
Ede volontèman pou akeyi e akonpanye migran nan kominote nou nan nenpòt peyi
Pataje istwa sa yo ak lòt pou ogmante konsyantizasyon
Ankouraje lidè politik yo ak kominote entènasyonal la pou yo adrese koz fondamantal migrasyon an Ayiti
Annou sonje ke dèyè chak istwa migrasyon, gen yon moun, yon fanmi, yon rèv. Se responsablite nou tout pou nou asire ke diyite ak dwa chak moun respekte, kèlkeswa kote yo soti oswa kote yo prale. An menm tan, nou dwe travay pou adrese pwoblèm fondamantal yo ki pouse moun kite Ayiti, pou ke yon jou, Ayisyen yo ka jwenn sekirite, opòtinite, ak yon vi miyò lakay yo.
Vwayaj sa a te montre m ke malgre tout difikilte yo, lespwa Ayisyen an toujou vivan. Kounye a, se wòl nou pou n transfòme lespwa sa a an aksyon konkrè, pou yon demen pi klè pou Ayiti ak pitit li yo, kèlkeswa kote yo ye.
Carel Pedre
Vwayaj sa a pa t ap posib san sipò ak devouman yon ekip eksepsyonèl. M ap remèsye tout moun ki te akonpaye m epi ki te travay pou fè eksperyans sa yon reyalite:
• Anderson Gustave, kameramann mwen, ki te la pou kaptire chak moman enpòtan pandan vwayaj la.
• Melinda Miles, ki te yon veritab poto mitan nan planifikasyon vwayaj sa a avèk Haiti Response Coalition.
• Ekip Haitian Bridge Alliance la, ki ap fè travay ekstraòdinè chak jou: Nicole Phillips, Daniel Tillias, Jean Jeef Nelson, Paige Censale, Viviane Petit Frere, ak Ricardo Lamour. Mèsi pou sipò, devouman, ak angajman nou nan batay pou amelyore lavi migran yo. Nou se veritab ewo!
San nou, vwayaj sa a ak istwa sa yo pa t ap janm rive jwenn lòt moun. Mèsi anpil pou travay nou ak kouraj nou!
Comentários