top of page

Eskperyans mwen nan Kiyes Ki Toro 2023


Anpil moun konnen m kòm prezantatè konkou Digicel Stars men Kiyes Ki Toro te toujou yon bèl eksperyans pou mwen e se youn nan pi gwo eksperyans nan karyè mwen. Ane sa a Emisyon an tounen apre 9 ane. E m te kontan jwenn opòtinite pou anime li ankò.


Pou moun ki pa konnen KIYES KI TORO se yon emisyon televizyon reyalite ki fèt an Ayiti. Se yon konkou ki baze sou detèminasyon, pasyon, rezistans, ak entèlijans chak patisipan. Se yon inityativ Brasserie Nationale (Brana SA) ki fè bwason TORO a e ki vle kreye yon yon platfòm pou ankouraje devlopman fizik ak sikolojik chak ayisyen. Sepandan, apre 2 sezon siksè, nou te oblije kanpe akòz klima ekonomik la nan peyi a. Sete vreman domaj e mwen te desi anpil. Emisyon a te gen gwo siksè nan televizyon ak sou entènèt, piblik la te renmen konsèp la epi sete yon opòtinite pou nou te pote yon bagay inik nan televizyon an Ayiti. Epi bridsoukou li kanpe.


M te toujou panse yon jou si mwen gen mwayen m tap retounen ak emisyon an kan menm. An 2021, chèf maketing BRANA rele m nan telefòn pou mande kisa m panse si yo ta rekòmanse emisyon an e ki ide mwen ta ka ba yo pou sa. M te telman kontan e m te menm vle pou Chokarella fè pwodiksyon an. Malerezman nou pat rive genyen Bid la e se Graphcity ki te chaje pou fè pwodiksyon an e yo rele m pou mwen anime avèk Dashcar Louis, ke mwen konnen trè byen e ki te avèk mwen nan The Morning Show sou Radio One.


Akoz ensekirite ki fin kraze peyi a nou te oblije adapte nou e pote kèk chanjman nan pwodiksyon an. Anvan sa, nou te konn vwayaje nan tout peyi a, fè odisyon e filme nan divès zòn pandan plizyè semèn. Fwa sa a, nou te oblije kondanse tout bagay nan yon semèn e yon sèl kote nou te batize: Toro Arena. Defi yo, menm si yo pat anpil e repete plizyè fwa akòz sikonstans yo te kan menm kenbe lespri konpetisyon an vivan.


Malgre kontrent yo, retou Kiyès Ki Toro a te yon siksè. Chak epizòd gen an mwayèn 20,000 "views" sou YouTube, e moun pale de li anpil nan lari a ak sou rezo sosyal yo. Se Jean Claudy Sainvilus ki gwo gagnan "Kiyes Ki Toro" 2023 a. Emisyon an te pase pandan sèt semèn sou Télévision Nationale d'Haiti, Télé Métropole, Télé Galaxie, ak chaine YouTube @TOROBRANA.



Piblik an Ayiti ak lòtbòdlo te enpòtan nan sikse emisyon an ane sa a.

Mwen ta renmen di yon gwo mèsi a tout ekip pwodiksyon an, Graphcity, Sybille Fortilus, Lieke Bouwhuis, Sebastien, Dashcar, Megan ak tout patisipan ki te kontribye nan relansman gwo emisyon sa a. Mwen rekonesan anpil pou devouman, kreyativite ak ekselans tout moun.


Mwen gen anpil espwa pou fiti "Kiyès Ki Toro". Emisyon sa a plis pase yon konkou - li se yon sous espwa, enspirasyon, ak motivasyon. Nan yon peyi ki pa gen pwodiksyon televisyon lokal, konkou telereyalite sa a ka tounen yon mirwa ki reflete rezilyans ak fòs tout Ayisyen. Mwen swete yon jou nou ka elaji ak anrichi emisyon a pou li pi bon e pi gwo e kouvri tout peyi a.

Retounen nan "Kiyès Ki Toro" se te yon eksperyans enkwayab pou mwen, M pat janm sou plato gwo pwodiksyon apre "Digicel Stars" te kanpe an 2016. Moman sa a te te pemèt mwen reyafime lanmou mwen pou "hosting" e bouste devouman ak motivasyon m pou m kontinye pote bon jan kontni pou piblik la.

1,012 views0 comments

Recent Posts

See All
bottom of page