Premye emisyon defi “Kiyes Ki Toro” 2014 Nan Fò Douwèt
Men premye emisyon defi Kiyes Ki Toro 2014 ke nou filme nan Fò Douwèt nan week-end pak la. “Kiyes Ki Toro” se yon emisyon tele reyalite ke Brasserie Nationale mete sou pye depi ane pase pou kreye divètisman nan televisyon ak bay anpil jenn fi ak jenn gason nan peyi a chans pou yo chanje lavi yo pandan yap leve defi fizik ak mantal devan kamera. Emisyon an pase sou Tele Ginen ak TNH chak dimanch a 8è di swa e li disponib sou paj Youtube Toro Haiti A. Filme nan Fò Douwèt la pat fasil paske sete premye fwa yon ekip moun deside al filme yon emisyon televisyon lòt bò a. Pou rive nan fò a li ka pran ou o mwen 60 miniti si ou gen yon bon 4×4 ak bon kawotchou an pasan pa komin Kabarè. Fò a sitiye a plis ke 4500 pye altitid e li fè frèt anpil nan aswè. Malchans pou nou te gen bwouya depi 5è aprè midi epi te gen gwo lapli ak van. Bagay yo pat fasil menm paske tout moun tap dòmi anba tant. Premye nwit la(vandredi sen) sete yon nwit blanch pou anpil nan nou men nou te adapte nou pou 2e nwit la. Nou reyisi filme 3 show defi pou seri a e mwen ap invite nou gade premye a ki te yon emisyon echofman pou patisipan yo te ka gen yon avan gou de sa ki pral tann yo. Nan emisyon sa a wap wè yon prezantasyon 16 patisipan yo ak 2 defi nou te ba yo leve. Premye defi a sete pou yo monte tant yo, e dezyèm defi a sete pou yo lumen dife. Al gade epi pa neglije di nou sa ou panse. Mèsi!
Very good concept and original. The show is clean..
Keep up the good work.
Bravo a sila yo ki te met tet ansanm pou reyalize bel serie sa, mfiere de nou. yo gen SUVIVORS , nou gen KIYES KI TORO.