Kiyes Ki Toro Tounen!
Kiyes Ki Toro retounen! Mwen kontan anpil ane sa a ankò pou mwen prezante ansanm ak Florence Martin yon lòt edisyon “Kiyes Ki Toro”. Pou sa ki pat konnen li “Kiyes Ki Toro” se yon emisyon tele reyalite ke Brasserie Nationale mete sou pye ane pase pou kreye divètisman nan televisyon ak bay anpil jenn fi ak jenn gason nan peyi a chans pou yo chanje lavi yo pandan yap leve defi fizik ak mantal devan kamera. Emisyon an te pase sou Tele Ginen e li te disponib sou paj Youtube Toro Haiti A.
Ane pase sete premye edisyon gwo konkou ak emisyon tele sa a e mwen te amize mwen anpil ak tout ekip la e sitou ak Florence Martin ki tap fè premye eksperyans nan yon show tele. Ane pase nou te filme tout epizòd yo nan Fort Jacques. Maten an, jodi vandredi 18 avril la nou tout ap pran direksyon Ford Drouet ki plase byen lwen nan mòn sou “Cote Des Arcadins” nan lokalite “Delices”. M’ap pote plis detay pou nou lè mwen tounen potoprens. Men kounye a mwen ap envite nou gade emisyon entrodiksyon pou “Kiyes Ki Toro?” ane sa a.