logo
  • Home
  • Vlog
  • Categories
    • Blogpost
    • In The News
    • Interviews
    • Music
    • Photos
    • Videos
    • TV Shows
  • Shows
    • Chokarella
    • De Tout Et De Rien
    • Kesyon Pa’m
    • Digicel Stars
    • Kiyes Ki Toro?
  • Projects
    • The Sunday Project
  • Bio
  • Contact
  • Home
  • Vlog
  • Categories
    • Blogpost
    • In The News
    • Interviews
    • Music
    • Photos
    • Videos
    • TV Shows
  • Shows
    • Chokarella
    • De Tout Et De Rien
    • Kesyon Pa’m
    • Digicel Stars
    • Kiyes Ki Toro?
  • Projects
    • The Sunday Project
  • Bio
  • Contact

Carel nan IVLP!

06 May 2016 by Carel Pedre 6 Comments

Kite’m anonse nou yon ti nouvèl!

Anbasad ameriken nan peyi a seleksyone mwen pou patisipe nan “International Visitor Leadership Program” [IVLP] sou sijè “Broadcast Journalism: New and Traditional Media” mwen ta ka tradwi konsa “Metye Jounalis Radyo ak Tele: Nouvo ak Medya Tradisyonèl”.

IVLP se youn nan pi gwo pwogram echanj Depatman Deta Ameriken ki lanse depi 1940. Chak ane pwogram nan akeyi plis pase 5,000 patisipan ki soti tou patou nan mond lan. IVLP a bay patisipan yo opòtinite pou yo rankontre e boukante konesans ak pwofesyonèl ameriken ki ap evolyè nan menm sektè avek yo.

Yon moun pa ka aplike pou pwogram nan. Se anplwaye ambasad ameriken yo ki nomine epi chèf seksyon tout anbasad la, anbasadè a ak chèf misyon adjwen yo ki fè seleskyon moun ki pral patisipe yo nan plizyè peyi nan mond lan. Mwen te gen chans jwenn yon nominasyon pou pwogram nan depi lane pase e mwen vreman swete yo te seleksyone mwen pami lot jounalis ak pwofesyonèl medya ki te nomine yo.

Pwogram nan ap dire 3 semèn soti 7 pou ri 28 me ki ap vini la a. Gen plis pase 25 lòt jounalis ki ap soti nan plizyè lot peyi tankou Afganistan, Bosni & Erzegovin, Ejip, Hong Kong, Irak, Nigerya, Ouganda, Ouzbekistan pou’m site sa yo selman. Nou pral gen chans vizite fè echanj ak pwofesyonèl nan plizyè vil kote gen anpil gwo medya Ozetazini : Washington (DC), Seattle (WA), Austin, (TX), Cleveland (OH), Denver (CO), Minneapolis (MN), New-York (NY).

Objektif pwogram sa a se :

  • Revize istwa, estrikti, pratik ak avni metye jounalis radyo ak tele Ozetazini.
  • Montre ki jan nouvo teknoloji chanje fason yo bay nouvèl e koman moun konsome nouvèl.
  • Egzamine ki jan medya enfliyanse sosyete Ameriken an e reflete koman sosyete a ye.
  • Fè pwomosyon pou kijan medya sosyal yo ak teknoloji dijital enfliyanse kòman sitwayen sèvi ak pataje enfòmasyon
  • Eksplore kijan medya yo patisipe nan fòmasyon yon sitwayen byen enfòme ki ap evolye nan yon sosyete ki divèsifye, demokratik e desantralize.

M pa bezwen di nou jan mwen eksite, onore e fyè paske mwen pral gen chans patisipe nan yon pwogram konsa. M pwomèt nou map kenbe nou enfòme de kijan pwogram nan ap dewoule, moun mwen rankontre, sa mwen aprann e sitou m pa ka tann pou’m pataje eksperyans mwen kòm ayisyen ak tout lòt konfrè ki ap nan pwogram nan. Pandan tan sa a Chokarella ap pran yon poz e n’ap tounen nan mwa jen.

Kite’m fini pou’m remèsye tout ekip zafè piblik anbasad ameriken nan Potoprens la pou sipò yo e bon relasyon pwofesyonèl ke nou devlope depi lane pase. Mèsi tout moun ki te toujou ankouraje mwen e swete mwen jwenn òpòtinite sa a. Mèsi!!

Ou kapab swiv Pwogram nan sou Entènet la:

Web: http://eca.state.gov/ivlp
Twitter: @stateivlp
Instagram: @exchangeourworld
Facebook: ExchangeProgramsAtState

arton7

Share this:

  • Twitter
  • Facebook
Categories : Blogpost
Tags : IVLP
Share
Carel Pedre

Related Post

Premye Pati IVLP Nan Washington DC

16 May 2016

Facebook Live: IVLP Day 1

08 May 2016

6 thoughts on “Carel nan IVLP!”

  1. Louise
    said on May 6, 2016

    I’m so happy for you Clarel to see you will participate in this program, guess what? You deserve it, yo can’t imagine how you work hard to get that nivel. I always see your show, even I Didn’t have chance to see you Live, when I came back from work I have to check to see if you didn’t put new video for the Haitian artist or to see what’s going wrong to my country. You do a good job Clarel and I’m so proud of you like Haitian. God bless you and keep to work with you raise you where he wants you to be.

    Reply
  2. Kerline Tofuri
    said on May 7, 2016

    Congratulations! Well deserved and I am happy Haiti will be fairly represented with your participation among an elite group of Journalists.

    Reply
  3. Sister M *
    said on May 8, 2016

    Bravo Carel! M kontan aprann bon nouvel saa, e m konprann jan w ka eksite! Mwen te benefisye pwogram saa an novanm-desanm ane pase, e sa konte nan pi bel eksperyans mwen fè! Ouvè zye-w ak zōrèy ou: wap gen pou w aprann!
    Déjà m swete w bon travay, bon sejou! Konpliman ankô!

    Reply
  4. Premye Pati IVLP Nan Washington DC – Carel Pedre
    said on May 16, 2016

    […] pase? Jan anpil nan nou konnen mwen pati kite peyi a pou mwen patisipe nan IVLP ki se yon pwogram echanj Depatman Deta Ameriken òganize sou plizyè sijè ak plizyè pwofesyonèl […]

    Reply
  5. TM
    said on May 18, 2016

    Congratulations! Carel I’m so happy and proud of you as my fellow Haitian. It feels great to have someone like you in our community and I’m so pleased you were chosen to be part of this journey, you well deserved it. Once again congratulations and hope you’ll continue to grow as a whole model in our society…wish you lot of success and I’m sure there’s a lot more to come your way…keep up the good work! God Bless…

    Reply
  6. TM
    said on May 18, 2016

    correction role model instead whole please…

    Reply

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Mwen se yon animatè radyo, prezantatè nan televizyon, pwodiktè ak reyalizatè avèk plis ke 15 lane ekperyans.

Carel Pedre

Search Box

Social

Latest Posts

latestwid-img

Podcat – Regine Polynice: Kisa ki yon Life Coach?

January 9, 2020
latestwid-img

Kite’m prezante nou “Kawousèl”

May 7, 2018

#TechCampOkay 2018: Kòman ou mete Biznis ou sou Entènèt

April 30, 2018

Categories

  • Blogpost (11)
  • Chokarella (2)
  • Facebook Live (2)
  • In The News (4)
  • Interviews (5)
  • Link (4)
  • Photos (1)
  • Podcast (1)
  • Quotes (2)
  • Status (1)
  • TV Shows (15)
  • Uncategorized (1)
  • Vlog (6)

Newsletter

Follow @ Instagram

carelpedre

5,238

carelpedre

View

Feb 14

Open
The love and support you give me always amaze me. I can’t thank you enough for being such an extraordinary blessing in my life. Happy 30th birthday 🎉 🎂🥳 @labelllavita_

The love and support you give me always amaze me. I can’t thank you enough for being such an extraordinary blessing in my life. Happy 30th birthday 🎉 🎂🥳 @labelllavita_ ...

carelpedre

View

Feb 2

Open
Plateforme Magik nan nòs Tamara ak Peterson!

Plateforme Magik nan nòs Tamara ak Peterson! ...

carelpedre

View

Jan 23

Open
RIP Legend! Ke Bondye banm kouraj ak lasante pou m gen yon karyè rich e long menm jan avè w!

RIP Legend! Ke Bondye banm kouraj ak lasante pou m gen yon karyè rich e long menm jan avè w! ...

carelpedre

View

Jan 22

Open
Can’t help it

Can’t help it ...

carelpedre

View

Jan 21

Open
Merci @iscchaiti

Merci @iscchaiti ...

carelpedre

View

Jan 20

Open
À demain @iscchaiti

À demain @iscchaiti ...

carelpedre

View

Jan 20

Open
Instagram post 17869950407246216

...

carelpedre

View

Jan 19

Open
#avek Salomon Lira ak Lentz Louis

#avek Salomon Lira ak Lentz Louis ...

carelpedre

View

Jan 18

Open
@8igzazu  te nan Carel In The Morning Pou Pale de Kisa ki yon "Air traffic controller (Contrôleur aérien) #CarelAM

@8igzazu te nan Carel In The Morning Pou Pale de Kisa ki yon "Air traffic controller (Contrôleur aérien) #CarelAM ...

carelpedre

View

Jan 15

Open
@tjozenny nan #CarelAM

@tjozenny nan #CarelAM ...

carelpedre

View

Jan 13

Open
@pascale_monnin nan Carel In The Morning

@pascale_monnin nan Carel In The Morning ...

carelpedre

View

Jan 13

Open
Yo! @alancave maestro @arlylariviere1 di li pare pou versus la wi! #AxA

Yo! @alancave maestro @arlylariviere1 di li pare pou versus la wi! #AxA ...

carelpedre

View

Jan 13

Open
@alancave nan #carelam 👕: @thejerseyavenue

@alancave nan #carelam 👕: @thejerseyavenue ...

carelpedre

View

Jan 13

Open
Carel In The Morning Is Back!

Carel In The Morning Is Back! ...

carelpedre

View

Jan 13

Open
12 janvye 2010 x 12 janvye 2021.

12 janvye 2010 x 12 janvye 2021. ...

carelpedre

View

Jan 12

Open
Rezo sosyal te jwe yon gwo wòl nan pote sekou apre tanbleman tè 12 janvye 2010. M te youn nan ayisyen ki te ilitize yo pou sove lavi ak enfòme lemond pantan katastwòf la. Vinn tande istwa pa m e poze m tout kesyon ou vle nan yon livestream map fè sou tout platfòm mwen yo.

Rezo sosyal te jwe yon gwo wòl nan pote sekou apre tanbleman tè 12 janvye 2010. M te youn nan ayisyen ki te ilitize yo pou sove lavi ak enfòme lemond pantan katastwòf la. Vinn tande istwa pa m e poze m tout kesyon ou vle nan yon livestream map fè sou tout platfòm mwen yo. ...

carelpedre

View

Jan 7

Open
Khara gen 12 lane wi timoun! 😳

Khara gen 12 lane wi timoun! 😳 ...

carelpedre

View

Jan 7

Open
Happy birthday @kharapedre. 
You are and always will be my princess as long as I live. Love, your proud dad.

Happy birthday @kharapedre.
You are and always will be my princess as long as I live. Love, your proud dad.
...

carelpedre

View

Jan 7

Open
Instagram post 17904613309642692

...

carelpedre

View

Jan 5

Open
#granplantèsystem

#granplantèsystem ...

Load More Follow on Instagram
This error message is only visible to WordPress admins

Error: API requests are being delayed. New posts will not be retrieved for at least 5 minutes.

Powered by Carel Pedre