#TechCampOkay 2018: Kòman ou mete Biznis ou sou Entènèt
Jounen dimanch 29 avril la mwen te gen opòtinite fè yon prezantasyon nan kad #TechCampOkay la sou “Kòman ou mete Biznis ou sou Entènèt?”. Tech Camp se yon pwogram Depatman Deta òganize pou konekte antreprenè toupatou lan mond lan ak nouvo teknolji pou rezoud pwoblèm lan kominote yo.
Tech Camp Okay la te fèt pandan 2 jou kote patisipan yo pataje pwoblèm yo genyen lan biznis yo ak kolèg yo epi moun ki save nan teknoloji pandan yap brase lide sou koman teknoloji ka jwe yon ròl nan ede rezoud pwoblèm sa yo. Tech Camp gen ladanl bon jan fòmasyon ki ede patisipan yo aprann kijan pou yo itilize teknoloji pou ede avanse avèk travay yo.
Tech Camp OKAY 2018 te reyini 30 jènn antreprenè ki deja gen antrepriz yo nan gran sid peyi Dayiti (Nip, Grandans, Sid ak Sidès) e ki enterese ak itilize teknoloji pou ede biznis yo avanse. Mwen envite ou regade prezantasyon sa a si tout fwa ou ta enterese mete biznis ou sou entènèt.