Premye Pati IVLP Nan Washington DC
Sak pase? Jan anpil nan nou konnen mwen pati kite peyi a pou mwen patisipe nan IVLP ki se yon pwogram echanj Depatman Deta Ameriken òganize sou plizyè sijè ak plizyè pwofesyonèl ki soti tou patou nan mond nan. Mwen te pwomèt nou map kenben nou okouran kijan aktivite a ap dewoule se pou sa m pral fè tout efò mwen pou mwen kenbe pwomès mwen.
Premye pati echanj la fèt Washington DC kapital peyi Etazini. Se a la fwa yon vil politik, touristik e ekonomik ki ka aprann ou anpil bagay sou istwa peyi a. M vreman swete retounen vizite an bon touris paske chak fwa m vini DC se nan kouri (LOL) e m pa janm gentan dekouvri tout bote vil la, rankontre ayisyen parèy mwen, al fè “window shopping”, etc…
1e fwa mwen te vini DC sete an 2004 m te vinn nan yon fòmasyon nan syèj Òganizasyon Panameriken Sante/Òganizasyon Mondyal Sante (OPS/OMS) sou koman ou pibliye enfòmasyon syantifik. Lè sa a mwen te ap travay kòm ofisye kominikasyon nan enstitisyon sa a.
2e fwa sete jis pou yon apre midi paske m te bezwen al vizite Newseum (yon mize sou travay laprès) kote yo te ekspoze 1 twit mwen. Mwen te Lynchburg epi kèk zanmi te wout la avèk mwen. M te pase yon bon moman.
Epi ane sa a sete nan IVLP a ki te vreman gen yon pwogram chaje pou nou ak anpil reyinyon ak vizit.

Kite’m rakonte nou koman sejou mwen pase nan DC.
Dimanch 8 me 2016
Pwogram nan komanse ak yon vizit gide sit touristik kapital la. Mezon Blanch, Kapitol, Depatman Trezò, Memoryal Lincoln, Gè Vyetnam, etc…
Nou se 21 jounalis ki ap patisipe nan pwogram nan, depi lè sa a youn komanse fè konesans ak lot e li te fasil pou nou wè gwoup la “cool” anpil paske tout moun te pratikman vini pou menm objectif la: Aprann, Pataje e jwenn enspirasyon.
Apre vizit touristik la nou te reyini ansanm nan lotel “Melrose Georgetown Hotel” kote nou desann pou konesans ofisyel yo. Nou pataje kat vizit e nou aprann an gwo ki kalite travay chak patisipan – IVLPer ap fè nan peyi yo.
Lendi 9 Me 2016
Premye rankont jounen an fèt nan lokal “Meridian International” ki se òganizasyon ki administre pwogram nan pou Depatman Deta nan Washington DC. Se moman madam Kimberly Jerkins, Ofisye Pwogram nan Depatman Deta pou eksplike nou kisa ki IVLP a, ki rezon ki fè nou la e kòman nou dwe fyè nou ap viv eksperyans sa a. IVLP se sèl pwogram echanj yon moun paka aplike pou li si nou la se paske travay nou ap fè nan peyi nou remakab nan pi wo nivo.
Mesye Sherry Bell te pwofite prezante nou ki kalite travay Meridian International ap fè e koman Pwogram nan pral dewoule.
Apre nou deplase al pran lunch nan Bobby Vans Steakhouse sou kont Depatman Deta. Manje a te bon anpil!
Vant plen, Nou retounen nan Lokal Meridian Intenational pou nou al rankontre Mr Akarm Elias.
Mesye Akram pale nou de kòman peyi Etazini fonksyone, estrikti ki gen nan gouvènman an, kijan li desantralize, separasyon nan pouvwa leta yo, kijan yo fè lwa ak kijan yo fè respekte lalwa nan jiridiksyon yo e nan nivo federal. An gwo li ba nou detay sou sistem federal la.
Madi 10 Me 2016
Premye rankont nou te nan Depatman Deta avek madam Kerri Spindler-Ranta ki se konseye Afè Piblik nan Biwo pou Demokrasi, Travay ak Dwa Moun nan Depatman Deta. Madam Kerri pale de travay li nan biwo sa a epi prezante nou kanpay #Freethepress yo te fè sou medya sosyal, yon fason pou te atire atansyon sou travay difisil kèk journalis ap fè nan mond lan epi tou onore memwa sa ki mouri pandan yap fè travay yo.
2e rankont la te dwe fet ak Mr. Richard Stengel “Under Secretary of State” men malerezman li pat santi li byen e te vle repoze li pou li ta patisipe nan yon Pwogram kòm panelis nan apre midi nan “Center for Strategic and International Studies” (CSIS).
Nou tout swit al rankontre Madam Susan Stevenson ki se Adjwen Asistan Sekretè Deta a. Li te pale nou koman Depatman Deta fonksyone, diferan biwo ki ap travay e sitou de medya dijital ak angajman laprès entènasyonal.
Apre sa nou pran direksyon Capitol Hill kote nou te gen rankont ak yon vizit gide madam Kinsey Harvey tap fè pou nou. Kòm nou te gen 1 rankont ki anile nou tou pwofite rive pi bonè nan Capitol Hill la kote nou tou pran lunch. Se konsa nou dekouvri koman anpil anpil moun, touris, elev lekol ak lòt pwofesyonèl tap vizite espas la ki se yon espas touristik tou.
Rankont ak Madan Kinsey komanse nan pi gwo sal pou laprès ki genyen nan Capitol Hill la, li pale nou de travay pa li ki se jere laprès, bay akreditasyon pou tout evenman ak konferans pou laprès ki genyen nan espas la. Pi gwo evenman an se “State of the Union” kote Prezidan Ameriken an pran la pawòl devan sena ak chanm reprezantan an. Madan Kinsey mennen nou vizite “House Galleries” a kote yo pase lwa yo nan peyi ameriken.
Apre sa nou tounen nan lotel jis pou yon ti tan paske nou tap ale tounen soti pou patisipe nan seri dyalog/deba ke “Center for Strategic and International Studies” (CSIS) òganize ansanm ak gwo jounalis ameriken Bob Shieffer. Sou panel la te genyen Richard Stengel, Farah Pandith, ak David Sanger. Deba a sete sou koman ameriken travay pou kraze Mak ISIL (Islamic State of Iraq and the Levant) nan lit kont teroris yo.
Mekredi 11 me 2016
Premye destinasyon nou te Lavwad Lamerik. Yon gwo medya entenasyonal ameriken ki retransmèt nan 45 Lang nan mond la. Nou te aprann kòman medya sa a rete endepandan menm si se gouvenman ameriken ki ap finanse li. Epi chak IVLPer te gen chans al vizite sèvis ki ap retransmèt nan peyi yo. Se konsan m te kontan rankontre tout ekip sèvis kreyòl la. Jounalis sa yo reprezante anpil bagay pou mwen paske m grandi ap tande yo. Yo se model pwofesyonalis ak lonjevite nan medya. M te chita pale ak Ronald Cesar ki se chef sèvis la. Ronald te tou Pwofite fè 2 interview avek mwen sou Facebook live 1 ak Sandra Lemaire e lot la ak Jacquelin Bélizaire. Se younn nan pi Bèl moman vizit mwen Washington!
Nou fè yon lòt kanpe nan International Center for Journalists (ICFJ) kote Luis Manuel Botello te pale nou de koman ICFJ travay ak jounalis etranje e prezante nou plizye pwojè yo finanse e ede reyalize tankou dosye “Panama Papers” la.
Sant Entènasyonal pou Jounalis (ICFJ) kreye nan lane 1984 pou amelyore kalite travay jounalis nan peyi kote ki gen ti kras oswa ki pa gen tradisyon nan koze laprès endepandan. Depi yo kreye, ICFJ travay ak plis pase 8,000 jounalis ak lòt pwofesyonèl medya soti nan 170 peyi.
Denye rankont jounen an te fèt ak Mesye Frank Sesno ki se direktè Lekol Medya ak Afè Piblik (SMPA) Nan Inivèsite George Washington depi Ane 2009. Li pase anpil tan kòm korespondan ak prezantatè nan CNN. Li te rakonte nou istwa li kòm jounalis e pataje opinyon li sou koman travay lapres ap chanje ak nouvo teknoloji yo e koman lapres ta dwe adapte li paske anpil nan nou konnen kijan fason moun konsome nouvèl chanje. Li te tou manifeste enterè li pou vizite peyi nou chak nan kad echanj depatman deta yo ou byen inivèsite George Washington kote li ap travay.
Jedi 12 Me 2016
Jounen an komanse ak yon Tounen VIP nan Newseum ki sel mize entèraktif nan mond lan ki dedye a nouvèl la e metye jounalis. Vizit la komanse ak yon prezantasyon Madam Kim Ash fè pou nou sou senk (5) libète nan Premye amandman konstitisyon ameriken an, limit nan libète laprès la, ak defi laprès genyen ak monte nouvo teknoloji yo.
Apre sa yon gid volontè fè nou vizite tout mize a e prezante nou chak ekzpozisyon yo.
Apre nou fin pran lunch nan Newseum nan nou pran direksyon Center for International Media Assistance (CIMA) ak National Endowment for Democracy (NED) kote nou rankontre Mark Nelson ak tout ekip li. Yo tap pale nou de travay to fè nan fè akourake e amelyore developman medya endepandan nan plizye peyi nan mond nan.
Denye rankont Nou nan Washington fet nan Federal Communications Commission (FCC) ki se yon Ajans endepandan gouvènman Etazini, sou responsabilite direk Kongrè a (men ki se sou responsabilite dirèk Kongrè a). FCC a te etabli sou Lwa sou kominikasyon an 1934 epi li chaje pou reglemante (responsab règlemantasyon) kominikasyon ant eta ak eta, kominikasyon entènasyonal pa (ki fèt nan) radyo, televizyon, fil, satelit ak kab. Jiridiksyon FCC a kouvri tout 50 eta yo.
Ou ka reyalize si wap li toujou… ti pase nou te fè DC a te trè anrichisan e nou aprann anpil bagay, rankontre anpil moun ki pral itil nou nan travay nou pral kontinye fè lè nou tout tounen lakay nou. 2e etap la ap fèt nan vil Seattle kote nou ap gen mwens rankont ak ofisyel men nap plis chita pale e gade koman laprès travay nan vil sa a ki nan Nòdwès Etazini. Pou ou rete konekte avek mwen ou konnen ou ka swive mwe sou tout rezo yo sitou sou snapchat.
Na pale ankò!