Komantè ak reyaksyon mwen sou yon Atik ki soti nan jounal Le National
Mèkredi 4 me ki sot pase a mwen te pran yon ti tan nan chokarella pou mwen reyaji sou yon atik ki soti nan jounal “Le National” ki rele “Le centre d’Éducation spéciale célèbre ses quarante ans”. Atik sa a estomake anpil moun pase jounalis la komanse li konsa:
Le spectacle de levées de fonds organisé par le Centre d’Éducation spéciale serait beau s’il n’y avait pas, dans la salle, la présence de toutes ces personnes handicapées. De temps en temps, des personnalités présentes dans la salle, dont Marie Laurence Jocelyn Lassègue, Jean Ledan fils, Marie Adeline et Michel Chancy, Jacques Bourjolly dit Kako, Ralph Leroy étaient obligés de jeter des regards pleins de bonté et de compassion sur leurs visages attendris
Apre mwen finn li reyaksyon anpil moun sou entènèt la tankou lèt tou louvri Raplh Leroy ekri jounalis la, mwen panse li te enpòtan pou mwen bay opinyon mwen sou “Atik Mechan” sa a e eksprime kijan mwen fristre pase mwen te asiste espektak la tou,
Tande kòmantè mwen te fè nan chokarella lendi 2 me sou espektak la.
Kounye a tande koman mwen reyaji sou atik jounal “Le National” la
Man menm sware a, mwen te invite moun sou facebook yo “Like” paj CES la ki ap fè yon bon travay depi 40 lane. Ou ka fè sa tou kounye a. Mèsi