Hello!
Sa’k pase? Kòman ou ye? sa fè plis ke 1 lane depi mwen “update” blog sa a. mwen deside finalman jodi a pou rekomanse poste sou li pi souvan ke posib. Nan jou ki sot pase yo nan konvèsasyon mwen fè ak yon zanmi mwen tap di li pi gwo defo m panse mwen genyen se paske twò souvan m pa fè swivi (Carel pa fò nan “Follow up”). Kòm mwen se yon moun ki renmen bay tèt mwen defi m deside di m pral gade kòman mwen ta ka retounen jere blog mwen an pou piti 30 jou e gade kote sa ap mennen. M toujou gen 1 milyon rezon ki fè mwen pa poste sou carelpedre.com ankò. Kite’m site nou kek ladan yo:
1- Tout sa map regle nan lavi mwen poste sou paj “Social Media” mwen yo. Si yon moun bezwen “Keep Up” avèk mwen li ka jis swiv mwen @carelpedre tout kote
2- M pa gentan pou chita jere yon blog vrèman (Manti m bay tèt mwen lè mwen vle fè tèt mwen kwè “I’m a busy man”)
3- M pa rete kwè ke mwen ka fè jwenn yon bèl odyans ak sa mwen pral poste sou li paske li pi fasil pou “angaje” moun sou facebook ak like, comments etc…
4- M pa menm konn poukisa m gen yon sit ki rele carelpedre.com
Sènatè Riche ta ka di tout sa se “Boulchyèt”. 😂 Efektivman se “BC” e se pou sa m deside fè yon ti jefò pou mwen poste koteni sou li ke nou pap jwenn lòt kote epi gade sa sa pral bay.
M pral fè 22 jou deyò peyi mwen pou premye fwa m panse l’ap enpòtan pou mwen ta itilize platfòm sa a pou pataje eksperyans mwen avèk nou.
“A sè mo” m’ap di ou mèsi pou ti tan ou e m espere ke wap li mwen ankò nan yon ti tan ki pa twò lwen. Babay!
Carel Pedre
Looking forward to it.