Carel nan IVLP!
Kite’m anonse nou yon ti nouvèl!
Anbasad ameriken nan peyi a seleksyone mwen pou patisipe nan “International Visitor Leadership Program” [IVLP] sou sijè “Broadcast Journalism: New and Traditional Media” mwen ta ka tradwi konsa “Metye Jounalis Radyo ak Tele: Nouvo ak Medya Tradisyonèl”.
IVLP se youn nan pi gwo pwogram echanj Depatman Deta Ameriken ki lanse depi 1940. Chak ane pwogram nan akeyi plis pase 5,000 patisipan ki soti tou patou nan mond lan. IVLP a bay patisipan yo opòtinite pou yo rankontre e boukante konesans ak pwofesyonèl ameriken ki ap evolyè nan menm sektè avek yo.
Yon moun pa ka aplike pou pwogram nan. Se anplwaye ambasad ameriken yo ki nomine epi chèf seksyon tout anbasad la, anbasadè a ak chèf misyon adjwen yo ki fè seleskyon moun ki pral patisipe yo nan plizyè peyi nan mond lan. Mwen te gen chans jwenn yon nominasyon pou pwogram nan depi lane pase e mwen vreman swete yo te seleksyone mwen pami lot jounalis ak pwofesyonèl medya ki te nomine yo.
Pwogram nan ap dire 3 semèn soti 7 pou ri 28 me ki ap vini la a. Gen plis pase 25 lòt jounalis ki ap soti nan plizyè lot peyi tankou Afganistan, Bosni & Erzegovin, Ejip, Hong Kong, Irak, Nigerya, Ouganda, Ouzbekistan pou’m site sa yo selman. Nou pral gen chans vizite fè echanj ak pwofesyonèl nan plizyè vil kote gen anpil gwo medya Ozetazini : Washington (DC), Seattle (WA), Austin, (TX), Cleveland (OH), Denver (CO), Minneapolis (MN), New-York (NY).
Objektif pwogram sa a se :
- Revize istwa, estrikti, pratik ak avni metye jounalis radyo ak tele Ozetazini.
- Montre ki jan nouvo teknoloji chanje fason yo bay nouvèl e koman moun konsome nouvèl.
- Egzamine ki jan medya enfliyanse sosyete Ameriken an e reflete koman sosyete a ye.
- Fè pwomosyon pou kijan medya sosyal yo ak teknoloji dijital enfliyanse kòman sitwayen sèvi ak pataje enfòmasyon
- Eksplore kijan medya yo patisipe nan fòmasyon yon sitwayen byen enfòme ki ap evolye nan yon sosyete ki divèsifye, demokratik e desantralize.
M pa bezwen di nou jan mwen eksite, onore e fyè paske mwen pral gen chans patisipe nan yon pwogram konsa. M pwomèt nou map kenbe nou enfòme de kijan pwogram nan ap dewoule, moun mwen rankontre, sa mwen aprann e sitou m pa ka tann pou’m pataje eksperyans mwen kòm ayisyen ak tout lòt konfrè ki ap nan pwogram nan. Pandan tan sa a Chokarella ap pran yon poz e n’ap tounen nan mwa jen.
Kite’m fini pou’m remèsye tout ekip zafè piblik anbasad ameriken nan Potoprens la pou sipò yo e bon relasyon pwofesyonèl ke nou devlope depi lane pase. Mèsi tout moun ki te toujou ankouraje mwen e swete mwen jwenn òpòtinite sa a. Mèsi!!
Ou kapab swiv Pwogram nan sou Entènet la:
Web: http://eca.state.gov/ivlp
Twitter: @stateivlp
Instagram: @exchangeourworld
Facebook: ExchangeProgramsAtState
I’m so happy for you Clarel to see you will participate in this program, guess what? You deserve it, yo can’t imagine how you work hard to get that nivel. I always see your show, even I Didn’t have chance to see you Live, when I came back from work I have to check to see if you didn’t put new video for the Haitian artist or to see what’s going wrong to my country. You do a good job Clarel and I’m so proud of you like Haitian. God bless you and keep to work with you raise you where he wants you to be.
Congratulations! Well deserved and I am happy Haiti will be fairly represented with your participation among an elite group of Journalists.
Bravo Carel! M kontan aprann bon nouvel saa, e m konprann jan w ka eksite! Mwen te benefisye pwogram saa an novanm-desanm ane pase, e sa konte nan pi bel eksperyans mwen fè! Ouvè zye-w ak zōrèy ou: wap gen pou w aprann!
Déjà m swete w bon travay, bon sejou! Konpliman ankô!
[…] pase? Jan anpil nan nou konnen mwen pati kite peyi a pou mwen patisipe nan IVLP ki se yon pwogram echanj Depatman Deta Ameriken òganize sou plizyè sijè ak plizyè pwofesyonèl […]
Congratulations! Carel I’m so happy and proud of you as my fellow Haitian. It feels great to have someone like you in our community and I’m so pleased you were chosen to be part of this journey, you well deserved it. Once again congratulations and hope you’ll continue to grow as a whole model in our society…wish you lot of success and I’m sure there’s a lot more to come your way…keep up the good work! God Bless…
correction role model instead whole please…