logo
  • Home
  • Vlog
  • Categories
    • Blogpost
    • In The News
    • Interviews
    • Music
    • Photos
    • Videos
    • TV Shows
  • Shows
    • Chokarella
    • De Tout Et De Rien
    • Kesyon Pa’m
    • Digicel Stars
    • Kiyes Ki Toro?
  • Projects
    • The Sunday Project
  • Bio
  • Contact
  • Home
  • Vlog
  • Categories
    • Blogpost
    • In The News
    • Interviews
    • Music
    • Photos
    • Videos
    • TV Shows
  • Shows
    • Chokarella
    • De Tout Et De Rien
    • Kesyon Pa’m
    • Digicel Stars
    • Kiyes Ki Toro?
  • Projects
    • The Sunday Project
  • Bio
  • Contact

3 Nouvèl Nan 1 Jounen pou TeamChokarella

07 Jun 2016 by Carel Pedre 2 Comments

M pa ka jwenn mo pou mwen eksplike nou kijan mwen te kontan tounen sou radyo lendi 6 jen an. M pa yon espòtif men m rete kwè sa’m te santi a prèt pou sanble a sa yon jwè foutbòl santi lè ekip li ap genyen. Nou pap imajine kijan sa fè mwen byen lè mwen konnen tout fidèl oditè yo toujou la san mwen pa bezwen fè twòp efò pou mwen al retire yo nan woutin yo te gentan genyen pandan absans mwen. Youn nan kle 🔑 siksè nan radyo fòk ou konsistan, fòk ou delivre machandiz la lè kliyan (odyans) ou ap tann li a. Sa ka rive ou fè kèk fo pa men an jeneral si ou rete konsistan wap ka fidelize kliyantèl la ✅.

Tout twit, SMS, Whatsapp, apèl prive ak sou radio a mwen resevwa banm definitivman kouraj pou mwen kontinye e fè’m reyalize yon lòt fwa ankò poukisa mwen ap fè sa map fè a. Pouki mwen renmen karyè mwen te chwazi a. Yon lòt fwa mèsi anpil. M’ap voye yon gwo kout chapo tou pou direksyon ak pèsonel Radio One nan ki toujou sipòte mwen nan tout bagay. Mèsi pou chèk la menm si m travay Selman 5 jou nan mwa me a. 😜

Sonje nan blogpost avan an mwen te di inovasyon ak nouvoute yo ap vini progresisman nan? Cool! 😎 Se ak plezi mwen ap anonse nou 3 gwo nouvèl pou #TeamChokarella Jodi a.

  1. Chokarella App Update

Nou update aplikasyon mobil Chokarella pou iOS ak Android. Nou fikse anpil bòg e nou ajoute yon Instant Messanging System ki ap pèmèt tout moun ki ap itilize app la kominike ansanm nenpòt lè ak mesaj tèks.

Swipe Menu ak Pwofil

List moun kap itilize app la

Fenèt chat ou

Lis konvèsasyon ou

ou ka telechaje app la sou lyen sa yo.
iOS: bit.ly/ioschokarella
Android: bit.ly/androidchokarella

  1. Chokarella Podcast Update

Nou finalman update podcast Chokarella sou iOS. Kounye a ou ka retande tout emisyon Chokarella, entèvyou ak tout lòt son nou poste pou ou direkteman sou iPhone, iPad, iPod Touch, iTunes ou byen sou apple TV ou. Se pratikman yon fason pi fasil pou moun ki pa vle al nan kase tèt yo pou jwenn yon klip odyo ou byen yon lòt bagay ki pase nan Chokarella ke yo te rate paske yo pat branche.

Ou ka enskri sou podcast la kounye a: bit.ly/chokarellapodcast

Retande tout #chokarella yo sou app podcast ki sou iOS devices ou! pic.twitter.com/j8yQ3wS2cd

— carel pedre (@carelpedre) June 7, 2016

  1. Chokarella Internship

Nou te plede ap anonse sa depi mwa avril kite pase a kounye a li se yon reyalite li. Nou ap pran aplikasyon pou moun ki ta renmen vinn fè estaj nan Chokarella pou vinn aprann koman nou fonksyone epi vinn pataje konesans yo avèk nou tou. Estaj la ap dire 3 mwa soti 20 jen rive 23 septanm 2016. Yon moun ka aplike sou lyen sa a jouk vendredi 10 jen.

Fòm aplikasyon pou estaj nan Chokarella http://bit.ly/2134eEN 

M kontan pataje nouvèl sa yo avèk nou e envite nou poste yon review sou app la ak podcast la epi tanpri depose yon ti kòmantè nan blogpost yo sa ap fè mwen anpil plezi.

*Pa bliye tout sa nou ap fè yo se gras a Digicel ak Hinoto SA ki sipòte nou.

 

 

Share this:

  • Twitter
  • Facebook
Categories : Blogpost, Chokarella
Tags : Chokarella, Poscast
Share
Carel Pedre

Related Post

Chokarella Tounen! Epi?

05 Jun 2016

Komantè ak reyaksyon mwen sou yon Atik ki soti nan jounal Le National

05 May 2016

Miss Haiti 2014 – Carolyn Desert 1st Interview on #chokarella

08 Sep 2014

2 thoughts on “3 Nouvèl Nan 1 Jounen pou TeamChokarella”

  1. mishma_c
    said on June 7, 2016

    Bèl bagay baz, m’dakò. M’kontan Jan’w tounen an. kontinye reprezante peyi a.

    Reply
  2. Mathaous Occeus
    said on September 19, 2016

    Hi bro

    Reply

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Mwen se yon animatè radyo, prezantatè nan televizyon, pwodiktè ak reyalizatè avèk plis ke 15 lane ekperyans.

Carel Pedre

Search Box

Social

Latest Posts

latestwid-img

Podcat – Regine Polynice: Kisa ki yon Life Coach?

January 9, 2020
latestwid-img

Kite’m prezante nou “Kawousèl”

May 7, 2018

#TechCampOkay 2018: Kòman ou mete Biznis ou sou Entènèt

April 30, 2018

Categories

  • Blogpost (11)
  • Chokarella (2)
  • Facebook Live (2)
  • In The News (4)
  • Interviews (5)
  • Link (4)
  • Photos (1)
  • Podcast (1)
  • Quotes (2)
  • Status (1)
  • TV Shows (15)
  • Uncategorized (1)
  • Vlog (6)

Newsletter

Follow @ Instagram

carelpedre

5,236

carelpedre

View

Jan 23

Open
RIP Legend! Ke Bondye banm kouraj ak lasante pou m gen yon karyè rich e long menm jan avè w!

RIP Legend! Ke Bondye banm kouraj ak lasante pou m gen yon karyè rich e long menm jan avè w! ...

carelpedre

View

Jan 22

Open
Can’t help it

Can’t help it ...

carelpedre

View

Jan 21

Open
Merci @iscchaiti

Merci @iscchaiti ...

carelpedre

View

Jan 20

Open
À demain @iscchaiti

À demain @iscchaiti ...

carelpedre

View

Jan 20

Open
Instagram post 17869950407246216

...

carelpedre

View

Jan 19

Open
#avek Salomon Lira ak Lentz Louis

#avek Salomon Lira ak Lentz Louis ...

carelpedre

View

Jan 18

Open
@8igzazu  te nan Carel In The Morning Pou Pale de Kisa ki yon "Air traffic controller (Contrôleur aérien) #CarelAM

@8igzazu te nan Carel In The Morning Pou Pale de Kisa ki yon "Air traffic controller (Contrôleur aérien) #CarelAM ...

carelpedre

View

Jan 15

Open
@tjozenny nan #CarelAM

@tjozenny nan #CarelAM ...

carelpedre

View

Jan 13

Open
@pascale_monnin nan Carel In The Morning

@pascale_monnin nan Carel In The Morning ...

carelpedre

View

Jan 13

Open
Yo! @alancave maestro @arlylariviere1 di li pare pou versus la wi! #AxA

Yo! @alancave maestro @arlylariviere1 di li pare pou versus la wi! #AxA ...

carelpedre

View

Jan 13

Open
@alancave nan #carelam 👕: @thejerseyavenue

@alancave nan #carelam 👕: @thejerseyavenue ...

carelpedre

View

Jan 13

Open
Carel In The Morning Is Back!

Carel In The Morning Is Back! ...

carelpedre

View

Jan 13

Open
12 janvye 2010 x 12 janvye 2021.

12 janvye 2010 x 12 janvye 2021. ...

carelpedre

View

Jan 12

Open
Rezo sosyal te jwe yon gwo wòl nan pote sekou apre tanbleman tè 12 janvye 2010. M te youn nan ayisyen ki te ilitize yo pou sove lavi ak enfòme lemond pantan katastwòf la. Vinn tande istwa pa m e poze m tout kesyon ou vle nan yon livestream map fè sou tout platfòm mwen yo.

Rezo sosyal te jwe yon gwo wòl nan pote sekou apre tanbleman tè 12 janvye 2010. M te youn nan ayisyen ki te ilitize yo pou sove lavi ak enfòme lemond pantan katastwòf la. Vinn tande istwa pa m e poze m tout kesyon ou vle nan yon livestream map fè sou tout platfòm mwen yo. ...

carelpedre

View

Jan 7

Open
Khara gen 12 lane wi timoun! 😳

Khara gen 12 lane wi timoun! 😳 ...

carelpedre

View

Jan 7

Open
Happy birthday @kharapedre. 
You are and always will be my princess as long as I live. Love, your proud dad.

Happy birthday @kharapedre.
You are and always will be my princess as long as I live. Love, your proud dad.
...

carelpedre

View

Jan 7

Open
Instagram post 17904613309642692

...

carelpedre

View

Jan 5

Open
#granplantèsystem

#granplantèsystem ...

carelpedre

View

Jan 2

Open
Dope or nah?

Dope or nah? ...

carelpedre

View

Jan 2

Open
Men lalin nan men solèy! ☀️ 🌝

Men lalin nan men solèy! ☀️ 🌝 ...

Load More Follow on Instagram
Powered by Carel Pedre